Comme beaucoup d’autres structures de la société civile, Nou Pap Konplis dit saluer le travail du Conseil Supérieur du pouvoir juciaire sur la certification des magistrats.
Il invite le CSPJ à remettre le dossier de chaque juge à la justice pour que lumière soit faite.
Lire la note de Nou Pap Konplis
« Estrikti Nou Pap Konplis salye grand près la alawonbadè ki pa janm dekouraje nan batay pou fè boujonen demokrasi andan peyi a nan bouske bonjan enfòmasyon ak fòmasyon pou popilasyon an.
Nou Pap Konplis bat bravo lakontantman pou CSPJ a ki rive fè yon gwo pase men nan aparèy jidisyè a lè yo rive netwaye plizyè dizèn jij ki pa dwat andan enstitisyon an, sa pwouve aklè malgre tout jij nou konnen ki kowonpi andan aparey jistis la te gen kèk grenn ki dwat toujou e ki fè lonè enstitisyon an. Nou Pap Konplis ap swete pou travay komisyon sa fèt pi souvan nan ekite ak san pas pouki. yon manyè pou refè figi lajistis la ki t ap vann nan lari 2 pou 15 depi kèk tan andan peyi a.

Nou Pap Konplis ap swete pou CSPJ a remèt ak lajistis lis non jij prezime kowonpi ak abitrè sa sa yo ak sa yo repwoche yo devan lajitis ak lapolis yon fason pou lajistis tande yo de sa yo repwoche yo a, yon fason pou bonjan limyè rive fèt sou sa yo repwoche yo a, sa ki ap pèmèt bonjan ekzanp rive trase pou sila yo ki reve vin ranplase mesyedam sa yo konnen ki sò ki ap rezève pou yo si yo ta swiv Jij malonèt sila yo.
Viv yon ayiti transparan ! Viv lajitis ! Viv Ayiti ! »
Planet Press