ACCUEIL Actualité Nominasyon ilegal Jij Jean Joseph Lebrun nan kou kasasyon pou proteje koripsyon politik ak oligak ki touye Prezidan Jovenel Moïse

Nominasyon ilegal Jij Jean Joseph Lebrun nan kou kasasyon pou proteje koripsyon politik ak oligak ki touye Prezidan Jovenel Moïse

Par Planet Press
<em>Nominasyon ilegal Jij Jean Joseph Lebrun nan kou kasasyon pou proteje koripsyon politik ak oligak ki touye Prezidan Jovenel Moïse</em>

Pa Anbasadè Stanley Lucas

Nominasyon Jij Jean Joseph Lebrun nan kou kasasyon se yon zak ilegal e enkonstitisyonèl ki voye labou pou sal lajistis peyi dayiti. Zak sa bay tout demokrat ki kwè nan eta de dwa kè plen.

Ariel Henry pa gen otorite konstitisyonel pou li fè nominasyon nan kou kasasyon menm lè 2 militan kowonpi dwazimen kap travay pou oligak kowonpi petyonvil di le kontrè. Bagay ki montre nan ki eta lalwa ye ayiti, ou jwen 2 asosyasyon majistra , ANAMAH ak APM ki dirije pa Jean Wilner Morin ak Martel Jean Claude ki bat bravo pou zak ilegal sa ki vyole atik 175 konstitisyon peyi dayiti. Suzy Legros ki nan tèt bawo potoprens lan limenm deklare li pa kapab di yon mo sou sa paske bawo a poko reyini sou desizyon sa. Epi moun sa yo rele tèt yo òm e fanm ki kwè nan lalwa. Eske ou panse Me. Monferrier Dorval tap tann reyinyon bawo a pou bay dizon li sou zak ilegal sa? Répons lan se non.

Lajistis, bawo avoka, asosyasyon jij, dwazimen peyi dayiti malad ampil. Nou dwe geri maladi grav paske se lajistis ki levé yon nasyon.

Otorite konstitisyonel Ariel ak kabinè minis yo konfòmeman a atik 149 konstitisyon an se:
• jere afè kourant
• òganize eleksyon.
Konstitisyon an ekri konsa paske gouvènman tranzisyon pa resevwa manda popilè nan eleksyon. Se pousa gouvènman tranzisyon Ariel la pa gen otorite konstitisyonèl pou pran yon desizyon enpotan konsa. Klèman, se yon prezidan konstitisyonel ak yon sena elu pa pèp la ke konstitisyon an bay otorite nonmen jij nan kou kasasyon. Lè gen otorite konstitisyonèl nan laprezidans e sena a yo pral oblije rapòte arete sa ki mete ilegalman Jean Joseph Lebrun, prezidan kou kasasyon epi revoke tout desizyon li pran kapral ede ilegalite ak koripsyon blayi. Fok zak repiyan sa yo pa janm repete nan listwa peyi a ankò.

Gouvènman tranzisyon monte a travè koudeta akò 11 septanm apre asasen yo volè arete nominasyon Ariel kay Prezidan konstitisyonel peyi dayiti Jovenel Moïse lè yo finn touye l lakay li 7 Jiyè 2021. Sonje Ariel Henry potko enstale kòm premye minis. Kijan fè arete nominasyon ki te kay prezidan an toujou lè yo touye l te gentan rive nan men Ariel?

Se asasina 7 jiyè a ak koudeta 11 septanm ki fè atoufè ki tap esaye éliminé prezidan an depi plis pase 4 lane rantre ilegalman nan primati ak lòt pozisyon andedan leta. Depi 17 mwa yo kraze 2 bidjè leta. Yon bidjè rektifikatif 197 milya goud epi yon lòt bidjè 210 milya goud. An 17 mwa atoufè sa yo kraze 407 milya goud taks pèp la san pa gen okenn pwojè ki fèt nan peyi a. Kòb leta ap separe ant oligak petyonvil e politisyen ki restavèk yo. Sa revoltan!

Nan refize òganize eleksyon e fè dilatwa pou l ka rete sou pouvwa a, Ariel Henry pèdi ti moso légitimité e légalité ke li ta sipoze genyen. Delè pou li oganize eleksyon pase depi lontan. Depi 7 Fevrier 2022 lap pran pòz avi li. Amplis enplikasyon l nan touye Prezidan Jovenel Moïse fè Ariel paka organize eleksyon lib. Li oblije fè yon koudeta elektoral pou proteje tèt li ak tout aksyon ilegal lap poze yo.

Objektif nominasyon ilegal sa nan kou kasasyon onivo politik se pou proteje asasen ki touye Prezidan Jovenel Moïse yo. Tout ekspè sou kesyon lalwa konnen depi kou kasasyon pran yon desizyon pa gen okenn lòt kote ou ka ale pou konteste sa. Epi tou prezidan kou kasasyon se prezidan pouvwa jidisyè a CSPJ.

Lòt objektif politik se mete yon prezidan tranzisyon yon bagay konstitisyon rejeté sitou lè asasen finn touye yon prezidan peyi dayiti. Konstitisyon an ekzije ke se pèp la ki dwe chwazi pwochen prezidan peyi dayiti nan eleksyon. Pèson paka mete prezidan pwovizwa. Sa tap yon bagay ilegal ki pa kadre ak konstitisyon an e demokrasi ayiti ap esaye bati. Ariel Henry, Fritz Jean ki restavèk blan globalis kowonpi yo ki gen plan pou volè richèss ki anba tè peyi dayiti pa vle respekte manman lwa ak lwa peyi a. Yap chache tabli yon sistèm otokratik nan mande akò ant kèk kowonpi pandan yap ekate pèp la ak vòt li nan desizyon politik yo. Konplo a pa piti.

Annatandan pèp la chwazi 59èm prezidan nan eleksyon, se yon premye minis ak kabinè minis ki dwe dirije pouvwa ekzekitif la. Se sa atik 149 konstitisyon an di. Kidonk tout atoufè kap pale de prezidan tranzisyon se pouchis ki nan koudeta kont pèp la e kont manman lwa peyi a. Si premye minis ki la Ariel, pèp la deside voye li ale nan bwa kale, se yon lòt premye minis konsansis ak 18 nouvo premye minis ki dwe ramplase yo. Pwochen prezidan se pèp la a travè vòt li nan eleksyon ki pral mete li.

Onivo ekonomik nominasyon ilegal sa fèt nan kou kasasyon se pou proteje tout krim ekonomik oligak ak politisyen konwonpi yo fè nan leta e nan privé. Kòb BRH, BNC, BMPAD, ONA, APN, EDH, petrocaribe elatrye yo piye. Nan mete ilegalman prezidan kou kasasyon se pou bloke tout desizyon sistèm jidisyè a ka pran kont koripsyon yo fè toupatou nan leta tankou nan kòb petrocaribe, nan volè byen leta ke yo fè tounen byen privé, a travè monopol ilegal privé ki bay lavichè e nan volè kòb diaspora nan to de chanj ilegal. Nominasyon sa se pou proteje tout politisyen ak oligak volè ki fè krim ekonomik.

Pouvwa jidisyè a depi 6 zan gen ladanl yon rezo jij mafya e kriminel ki restavèk oligak petyonvil kap detwui lajistis. Gen plizyè Ansyen minis jistis ki nan rezo mafya ak gang sa. Yap fè politik, yo nan gang, yo nan koripsyon, yo gen kabinè avoka, yap pwoteje trafik zam, trafik dwog, yo nan volè tè, byen moun ak tout kalte koripsyon. Fè politik, gen kabinè avoka, trafik infliyans, touché pou lage oubyen touche pou antere dosye jidisyè gwo zotobre ak dwog dilè enkonpatib a metye jij.

<em>Nominasyon ilegal Jij Jean Joseph Lebrun nan kou kasasyon pou proteje koripsyon politik ak oligak ki touye Prezidan Jovenel Moïse</em>

Depi 7 Fevrier 2021 pouvwa jidisyè rantre an rebelyon kont leta e kont pèp ayisien. Plizyè aksyon kriminel montre sa:
• Jij Jean Roger Noelcius avek konplisite premye minis Jean Henry Ceant ak Bernard Saint Vil fè yon fo manda ilegal pou fè tantativ koudeta kont Prezidan Jovenel Moise. Ceant te echwe nan koudeta Martelly te voyel bay Prezidan Jovenel epi palman an te revoke l. Asasen yo pral itilize menm fo manda jij sa pi devan pou fè tantativ koudeta 7 Février 2021 ak jij Ivickel Dabresil e sèvi avek li pou touye Prezidan Jovenel Moise 7 Jiyè. Rezo kriminel sa ki nan lajistis ayiti danjere ampil. Li gen ladanl 3 ansyen minis jistis, manm CSPJ, plizyè jij, komisè gouvènman, 3 militan dwamoun ak 2 jounalis ki frè yon jij e yon lòt ki fè emisyon lè samdi ki gen foli minis jistis ladanl;
• Asasina Me. Monferrier Dorval ki tap mete lòd nan bawo potoprens pa rapo ak avoka, notè san diplòm e kowonpi. Yo te rayi Monferrier poutèt nivo konesans li, dwate e entegrite li. Se pousa rezo mafya jidisyè sa mete ak oligak blakawout pou touye Monferrier Dorval 20 Out 2020. Interview li fè jou sa sou radyo magik 9 montre klèman ki oligak ki fè touyel;
• Asasina Prezidan Pouvwa jidisyè a Me. Rene Sylvestre. Asasen yo touye paske li tapral revoke plizyè jij ki nan politik e ki gen kabinè avoka. Se yon bagay ki ilegal pou yon jij gen kabinè avoka. Rezo mafya jidisyè sa mete ak yon gwo oligak petyonvil pou touye Me. Renée Sylvestre epi yo pran pòz se kowonaviris ki touye l;
• Jij kou kasasyon Mécéne Joseph fè tantativ koudeta ak André Michel nan fè diskou 6 Fevrier 2021 pou deklare tèt li prezidan pwovizwa malgré prezans nan palè nasyonal yon prezidan konstitisyonèl ke manda l potko fini. Dayè depi konstitisyon te amande jij kou kasasyon paka prezidan pwovizwa peyi dayiti ankò. Amandman 2009 te anile sa.
• Jij kou kasasyon Ivickel Dabresil avek oligak Vorbe yo e sénatè Inite John Joel fè tantativ pou touye Prezidan Jovenel Moïse 7 Fevrier 2021 nan abitasyon tibwa. Tantativ asasina sa kont prezidan an te echwe. Rezo kriminel nan lajistis ak konplisite 3 jounalis kowonpi e pouchis fè lage yo. Yo te fabrike manti nan mikro e di asasen sa yo se prizonye politik. Se sa ki pral kreye kondisyon pou touye Prezidan Jovenel 7 Jiyè;
• Jij kou kasasyon Wendelle Coq patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moise 7 Jiyè 2021. Depi 17 mwa malgre gen avi rechèch sou li lajistis ap chache li, li nan mawon ak konplisite politik e jidisyè. Militan dwazimen kowonpi Gedeon Jean ap pwoteje asasen an. Li tal men esaye fè konplo a prezidan koudekont Boisguene pou remete jij asasen sa nan kou kasasyon;
• Rezo mafya jidisyè sa mete ak tèt PHTK pou touye pandan li nan prizon Gilbert Dragon youn nan atoufè enplike nan touye Prezidan Jovenel. Rezo asasen yo touye Dragon nan fè ekspre nan refize bali atansyon medikal ke ka santé li te mande pandan 3 semenn. Yo touyel pandan li nan prizon an paske li te kòmanse pale sou kimoun ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel;
• Jij Ceres Paul pou rezon politik lage ilegalman asasen ki touye polisye swatt team Patrick Anozart ;
• Jij Lennik Fredek lage gang lapolis arete kwadèboukè. Lè moun kwadèboukè pwoteste, CSPJ bali promosyon e nonmen li jij enstriksyon nan tribinal premyè enstans potoprens
• Ariel Henry ak manm kowonpi lajistis e dwog dilè Berto Dorce ki minis jistis fè 6 nominasyon ilegal nan CSPJ. Li nonmen tou ilegalman 53 jij pou pwoteje oligak a rezo politisyen kriminel kap travay pou yo;
• Josue Pierre Louis, ansyen minis jistis, ke Martelly mete sekretè jeneral palè nasyonal, ki ede bofrè li John Joel Joseph ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moise sove ale Jamaique. Se Josue ki te envite chèf gang Viltelhomme Innocent vinn diskite separasyon pouvwa ak kòb nan palè apre yo te patisipe nan touye Prezidan Jovenel;
• Ampil sabotaj jidisyè fèt pa dwayen tribinal premyè enstans Bernard Saint Vil e plizyè jij enstriksyon nan dosye ankèt asasina Prezidan Jovenel Moise. Nan greffe kabinè enstriksyon yo fè disparèt plizyè dosye koripsyon e kriminel oligak yo. Yo menm oganize atak gang pou detwui dosye jidisyè nan pakè, palè jitis ak greffe kote yo kenbe dosye jij enstriksyon yo;
• Jij Ikenson Edume ki te konn touché nan men chèf gang Arnel Joseph dapre jounalis Luckson Saint Vil. Lè li wè yo ka kenbe l nan sak pasa nan dosye sogener a li kouri dépote tèt li. Se jij kowonpi sa kap ekri li e ki prezidan yon asosyasyon jij;
• Tantativ Ariel Henry ak mafya jidisyè sa fè plizyè fwa depi septam 2021 pou esaye lage solda kriminel kolonbi ak polisye ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moise;
• Tantativ Ariel Henry ki pran pòz jij enstriksyon sou scoop fm nan mwa out 2021 nan tantativ inosante Felix Badio Joseph youn nan asasen enplike nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Lè li echwe li pran desizyon sakrifye Badio;
• Nominasyon Jij enstriksyon Wesser Walther Voltaire pa Bernard Saint Vil ak Berto Dorce pou ankete sou asasina Prezidan Jovenel Moïse se yon manke dega pou tout moun ki kwè nan lalwa. Se minis jistis Paul Denis ki soti nan Inite ki mete li nan sistèm jidisyè a. Ampil nan asasen ki patisipe ou enplike nan touye Prezidan Jovenel Moise te nan kabinè minis Paul Denis. Yo menm site nom li nan krim nan. Bernard Saint Vil konnen poutèt konfli enterè sa li pat dwe nonmenm Walther Wesser Voltaire ki se yon jij Inite ki konekte ak Ariel Henry (Inite), John Joel Joseph (Inite), Paul Denis (Inite), Felix Badio Joseph (Inite), Dimitri Vorbe (Inite);
• Nan monitè spesyal nimewo 31 ki soti 11 novanm 2022, Ariel Henry nonmen ilegalman pa arete Jij Jean Joseph Lebrun prezidan kou kasasyon. Dapre atik 175 konstitisyon peyi dayiti nominasyon sa ilegal. Se yon prezidan konstitisyonel élu ki ka nonmen prezidan kou kasasyon sou yon list ratifye pa asanble sénatè yo. Nominasyon sa se Michel Martelly, Ariel Henry ak oligak ki touye Prezidan Jovenel Moïse pou pwoteje asasen yo e atoufè nan leta e oligak ki fè krim ekonomiK kont ayiti. Ampil moun di le fè ke jij Lebrun aksepte nominasyon yon premye minis ki enplike nan touye Prezidan Jovenel Moise, sa montre klèman ki kalte atoufè li ye.

59èm prezidan dayiti pèp la pwal chwazi nan pwochen eleksyon yo ap gen lè li finn prête sèman pou rapote e anile tout arete nominasyon ilegal sa yo epi kraze rezo mafya jidisyè kriminel sa pou lajistis ka respire e pou eta de dwa ka blayi. Lajistis ayiti pouri ampil. Yap fè ampil dega. Sitiyasyon sa dwe chanje vit pou byen nasyon an. Okenn demokrasi paka bati san rejim lalwa.

Anbasadè Stanley Lucas te konseye spesyal Prezidan Jovenel Moise

VOUS POURREZ AIMER

Planet Press