ACCUEIL Actualité Ministè Edikasyon Nasyonal kondane zak sasinay sou elèv Jean Louis Samuel

Ministè Edikasyon Nasyonal kondane zak sasinay sou elèv Jean Louis Samuel

Ministè Edikasyon Nasyonal di se avèk anpil lapèn ak endiyasyon li aprann pandan jounen, mèkredi 24 me a, yon elèv lise Kafoufèy ki nan segondè 1, Jean Louis Samuel, tonbe anba bal pandan l tap soti lekòl.

Ministè a dil kondane ak tout fòs li zak sasinay sila a sou jèn sa a ki t ap chache wout lakonesans, bandi san fwa ni lwa etenn souf li.

Yon lòt fwa ankò, Ministè a leve vwa l byen wo pou l di lavi tout moun konte e li enpòtan pou nou pwoteje lavi, sitou timoun ki pral lekòl ki se avni peyi a.

Ministè Edikasyon Nasyonal kondane zak sasinay sou elèv Jean Louis Samuel

« Pa gen avni san jèn yo e pap gen avni san edikasyon », se nou tout ki pou mete men pou pwoteje jèn nou yo.

Li voye senpati l bay tout moun ki viktim nan zak brigandaj sila a ki pase nan Kafoufèy, sitou fanmi elèv sila a, zanmi l ak kamarad lekòl li.

Planet Press

VOUS POURREZ AIMER

Planet Press