Nan lide pou jwenn yon solisyon ak kriz ki ekziste ant Rektora UEH la ak Responsab EDSEG yo, « Rassemblement des étudiants de l’EDSEG » ki regwoupe etidyan ki sòti nan tout sant kote etidyan EDSEG swiv kou nan peyi a ak nan tèt kole ak etidyan Gonayiv yo te òganize nan dat ki te 29-30 dawout la yon gro fowòm nan otel Le Plaza sou chann mas.
« La problématique des écoles et faculté en région, le cas de l’EDSEG », se te sou tèm sa fowòm nan te dewoule.
Nan kad fowòm sa a te genyen de (2) entèvenan ki te vin akonpanye etidyan yo nan refleksyon yo tap fè, kote ke ansyen senatè Youri Latortue te entèveni sou tèm « L’enseignement du Droit en Haiti : Etat des Lieux » epi ansyen senatè Jean Renel Senatus (Zo kiki) li menm sou bò pa l te pale sou : « Les écoles et facultés privées et publiques, et la question d’un curriculum adapté aux réalités nationales ».
Fowòm sa a te reyini anviwon 200 a 250 etidyan nan otel Le Plaza san konte divès lòt ki tap swiv li en dirèk sou paj facebook « Rassemblement des Etudiants de l’EDSEG » ak sou platfòm Zoom.
Padan fowòm sa a, Etidyan ki te la yo te òganize divès atelye refleksyon ak deba e aprè travay sa yo, yo te rive adopte yon ansanm rezolisyon ki gen rapò ak sijè ki te pwopoze pandan sikonstans lan.

Youn nan bagay enpòtan sèke rezolisyon sa yo pral ale jwenn 2 pwotagonis yo (Rektora UEH ak Responsab EDSEG) akonpanye de yon petisyon ke ansanm etidyan ki vle ap siyen. Petisyon sa a te deja kòmanse siyen pandan 2 jou fowòm yo, e l’ap kontinye an li yak nan Gonayiv pandan moman seminè ak Ekzamen yo.
Planet Press