Accueil » Ayiti: Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl prezante « liv inik lan » pou 1e ak 2e ane

Ayiti: Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl prezante « liv inik lan » pou 1e ak 2e ane

Li kominike Ministè a

(MENFP) òganize jedi 25 out la, nan Petyonvil, yon jounen prezantasyon sou “Liv inik’’ la pou premye ak dezyèm ane lekòl fondamantal. Se yon aktivite ki te reyini, tou dabò, responsab 7 mezon edisyon ki gen tan byen avanse nan kad pwojè sa a ; men tou dirijan plizyè sendika anseyan, direktè lekòl ak plizyè patnè nan domèn koperasyon nasyonal ak entènasyonal la.

Nan ouvèti jounen prezantasyon ak ekpozisyon ‘’Liv inik‘’ la, minis Edikasyon nasyonal la te pran yon ti tan pou remèsye chak mezon edisyon ki te deside soutni inisyativ sa a ki te soulve natirèlman retisans kay kèk moun. Minis Nesmy Manigat di li apresye jan antrepriz sa yo te reyaji avèk rapidite epi prezante bon jan kalite egzanplè ‘’Liv inik‘’ la.

Yon lòt fwa ankò, minis Nesmy Manigat te eksplike lide ki dèyè pwojè liv sa a. Se youn nan lide pou transfòme mòd lekòl peyi a genyen depi plis pase 200 lane; yon lekòl ki plis chita sou echèk olye li mete douvan reyisit elèv yo. Se yon lekòl ki gaspiye sèvo ak talan timoun yo; se yon lekòl ki gaspiye resous zimèn; se yon lekòl ki kite sèlman 10% nan timoun yo rive pase egzamen bakaloreya; se yon lekòl ki otorize sèlman 3% elèv antre nan inivèsite. Poutèt sa e pou yon pakèt lòt rezon, minis Manigat gen konviksyon gen nesesite pou transfòme lekòl la nan kòmanse bay timoun yo bon jan konpetans pou lavi, lè yo kòmanse aprann an kreyòl, nan lang yo metrize a.

Aprè konsiderasyon pedagojik sa yo, minis la te fè dòt konsiderasyon sosyal paske ‘’ Liv inik ‘’ la pral soulaje anpil fanmi ki pa pral oblije achte pil ak pakèt liv pou yon timoun ki nan 1e oubyen 2e ane fondamantal; pil liv li pa toujou itilize tout bon vre pandan ane lekòl la. Se youn pami dòt avantaj ‘’Liv inik ‘’ la ofri: mete aladispozisyon timoun yo yon zouti ki va pèmèt yo aprann tout sa yo dwe aprann pandan yon ane lekòl. Paran yo p ap oblije achte plis pase sa menn si l ap toujou bon pou lekòl yo ranfòse bibliyotèk yo e itlize lòt liv ki kapab soutni aprantisaj la.

Pandan jounen aktivite sa a, chak editè te gen posibilite pou prezante bay asistans la ‘’Liv inik‘’ yo rive prepare pandan yo te pwofite bay dizon yo sou inisyativ sa a. Se nan sans sa a, yo estime ‘’Liv inik‘’ la ap fasilite tout timoun kelkeswa kote li ye anndan peyi a kapab gen menm baz konpetans la. Sa ki kapab kòmanse atake nan rasin pwoblèm lekòl ak plizyè vitès la epi diminye nan inegalite nan jan edikasyon an ak fèt.

Genyen ladan yo ki defann lide, e se vre, « Liv inik » p ap depeyize timoun yo. Se yon zouti ki chita sou reyalite y ap viv la ; li chita sou bezwen reyèl lekòl la. Yon lekòl k ap chèche valorize kilti peyi a pandan li louvri pòt sou lòt kilti. Yon lekòl k ap aprann timoun yo renmen peyi yo epi travay, lè yo gen laj pou sa, nan enterè peyi a.

Se poutèt sa editè yo estime alyans ki fèt ant diferan disiplin ki nan ‘’ Liv inik ‘’ la, koneksyon ki fèt ant konesans tradisyonèl ak konesans syantifik yo ap ede timoun yo konpran pi byen chak jou reyalite y ap viv la. Konsa, li ka ede yo reflechi pandan y ap aprann.

Annatandan distribisyon ‘’Liv inik‘’ la kapab demare nan tout lekòl pou ane akademik 2022-2023 a, ministè a deja travay sou de lòt zouti. Vèsyon nimerik ‘’Liv inik ‘’ la ki kapab ede timoun yo pwogrese pou kont yo nan aprantisaj la. Ministè a travay tou sou fich-aprantisaj pedagojik k ap itil nan pwosesis fòmasyon an.

Pandan dewoulman aktivite sa a, minis Manigat te tou pwofite bay chak editè yon sètifika ki di ministè a valide epi otorize ‘’Liv inik ‘’ yo pwodui pou premye ane lekòl fondamantal la.

Se ditektè jeneral MENFP a ki te mete yon bout nan Jounen prezantasyon ‘’Liv inik ‘’ la. Doktè Meniol Jeune te salye travay mezon edisyon yo pandan li te mete aksan sou nessesite pou kontinye fòme anseyan yo ki pral itilize liv sa a nan kad yon ekperimantatsyon ki pral fèt pandan ane lekòl 2022-2023 a.

An reyalite, ministè konte evalye faz eksperimantasyon sa a yon fason pou amelyore kontni liv sa a.

Men lis mezon edisyon ki te patisipe nan aktivite sa a : Edisyon C3, Edisyon CUC, Edisyon Henri Deschamps, Edisyon Kopivit-L’Action sociale, Edisyon Impression des Antilles, Edisyon Pédagogie Nouvelle ak Edisyon Zemès.

Planet Press

VOUS POURREZ AIMER

Planet Press